S.O.S. Édé Moun Solino, Nazon ak Christ-Roi sou plé.
Yo nan yon sitiyasyon imanitè trè grav. Yo ap mouri grangou.
Daprè enfòmasyon nou sot resevwa nan men moun Delmas, moun Solino, Nazon ak Christ-Roi ki te kouri kite lakay yo pou al pran abri sou yon tèren nan Delmas 32 ap mouri grangou. Édé yo souplé.
Yo pa gen manjé, yo pa gen rad, yo pa gen dlo, yo pa gen menm yon kapay lantanyen pou yo kouché. Yo bezwen èd ak sipò ijan. Nan moun sa a yo gen granmoun aje, gen fanm ansent ak timoun piti ki ap soufri anpil. Ann ede yo souplé!
Anba jé tout pèp sou la tè ki ap gadé, nou pa ka kité Ayisyen parèy nou ap mouri grangou. Anba jé zansèt yo ki te batay pou ti bout tè sa a, li pa normal pour Ayisyen parèy nou ap mouri grangou.
Bòn samaritèn yo ka ale nan Delmas 32, teren d’Accra, oswa rele 3195 0202 pou pote èd yo. Nou ka rele nan zone nan direkteman pou nou siporté moun yo.
Mèsi anpil pou konpasyon w. Mèsi anpil.
Lè youn nan nou ap soufri grangou, an nou bali manjé. An nou abiyé sa ki pa gen rad yo. Ann poté kolé. Se menm nou menm nan. Pwoblèm yon Ayisyen se pou tout Ayisyen. Se sou menm ti bout tè a nou ye.
Si w pa ka bay gwo, bay sa ou genyen.
.....
S.O.S.! Appel à l'aide pour les Résidents de Solino, Nazon et Christ-Roi. Ils sont actuellement dans une situation d'urgence humanitaire extrême.
Selon les informations que nous venons de recevoir de la part des résidents de Delmas, les résidents de Solino, de Nazon et de Christ-Roi qui ont fui l’insécurité et se sont installés sur un terrain à Delmas 32 se trouvent actuellement dans une situation d’extrême urgence humanitaire. Dépourvus de tout, ils ont besoin de notre soutien urgent. Parmi eux, on trouve des personnes âgées, des femmes enceintes et des enfants en bas âge souffrant de faim, de soif et de manque de vêtements. Aidons-les !
Les bons samaritains peuvent se rendre à Delmas 32, terrain d’Accra, ou appeler le 3195 0202 pour apporter leur aide.
Merci de votre attention et de votre engagement en faveur des personnes en situation de détresse.